SAJÈS POWÈT

 SAJÈS POWÈT

 

Li powèt lèl fou,lè tèt li dwat li pa konn li
Van leve fè, fè kap vole,
A la de pwèt

Je li wè klè amba tafya, lè tèt li klè, avèg se li

Bout fè kap pale, pope plastik kap reflechi,

A la de pwèt

Lè li bèbè li pran chante, lè lap pale vwa li toufe

Moun kap ekri, ekri kap pale,

A la de pwèt

Chimen mond sa pa senesof, 
wap trennen mwen adwat agoch,

A la de pwèt

Avion vole,

​Robo pale,

Teks pwononse

Mwen pran nan cho

A la de pwèt, A la sajès

SAJÈS POWÈT
Administrator August 13, 2024
Share this post
Sign in to leave a comment